Accessibility links

Breaking News

Jennifer Lopez ak Ben Affleck Obteni yon Lisans Maryaj nan Nevada


Jennifer Lopez ak Ben Affleck sou tapi wouj Fesitval Film Veniz la nan peyi Itali, 10 Sept. 2021.
Jennifer Lopez ak Ben Affleck sou tapi wouj Fesitval Film Veniz la nan peyi Itali, 10 Sept. 2021.

Dosye anplwaye biwo leta Nevada fè konnen aktris Jennifer Lopez ak akte Ben Affleck aplike pou yon lisans maryaj.

Dosye awondisman Clark pibliye Dimanch montre mesye dam yo aplike pou yon lisans maryaj Samdi.

Yon lisans maryaj pa pwouve ke mesye dam yo marye vre.

Reprezantan pou Lopez ak Affleck pat reponn mesaj Associated Press voye ba yo pou komantè.

Nan mwad Avril la, Lopez te anonse yo fiyanse nan yon videyo li te pibliye pou fanatik li yo kote li te montre yon bag fiyansaj vèt.

XS
SM
MD
LG