Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewopeyèn: Nou Dwe Pare pou Resevwa 4 Milyon Refije Ikrenyen


Refije kap kouri pou lage nan Ikren rive sou frontye Moldovi nan vil Palanca, Lendi 7 Mas 2022.
Refije kap kouri pou lage nan Ikren rive sou frontye Moldovi nan vil Palanca, Lendi 7 Mas 2022.

Chèf politik etranje Inyon Ewopeyen an fè konnen lendi. Ewòp taka fè fas ak 5 milyon refije Ikrenyen kap kouri kite peyi yo akoz envazyon La Risi a.

Ikrèn gen yon popilasyon prèske 44 milyon abitan, e 1,7 milyon moun deja kouri kite peyi a depi La Risi te tanmen envazyon li 24 Fevriye pase a, dapre chif Nasyonzini pibliye Lendi.

Plis pase mwatye nan moun sa yo ale nan Polòy, tandiske gen lot ki ale nan La Ongri, Slovaki, Moldovi, ak Woumani.

Ajans Nasyonzini pou Refije yo di li kwè 4 milyon moun taka pati kite Ikrèn nan moman fos Ris yo ap fonse nan direksyon Kyèv ak lot gran vil yo.

Inyon Ewopeyen an di peyi yo ta dwe pare pou debloke ase lajan pou ede moun sa yo.

Inyon an deja dispoze yon premye tranch 100 milyon ewo pou Ikren ak Moldovi, responsab yo fe konnen.

Refije kap kouri pou lafe nan Ikren, rive sou pos frontye vil Palanca, Moldavi, 7 Mas, 2022.
Refije kap kouri pou lafe nan Ikren, rive sou pos frontye vil Palanca, Moldavi, 7 Mas, 2022.

Pandansetan, nan Kyèv, otorite yo voye jete of Moskou fè pou kreye yon korido imanitè nan plizyè vil li bonbade Lendi, apre detay te soti pou di kom kwa chimen sa yo tap mennen refije yo swa nan La Risi oubyen Byelorisi.

Plan sof konwi Ris la pou moun nan Kharkiv, Kyiv, Mariupol ak Sumy te fet apre sivil Ikrenyen ki te gen gwo la perez te fe fas ak kout zam pandan tantativ seselfe ki te echwe.

Zak vyolans ap kontinye 12em jounen lage a, malgre yon twazyem seri negosyasyon lape ap diskite ant minis afe etranje Ris ak Ikrenyen yo pou pi ta semen sa a nan La Tiki.

Pou fini, yon timoun 11 zan vwayaje poukont li soti vil Zaporozhzhia kote pi gwo santral nikleye Ikren nan sitye pou'l al nan Slovaki.

Nap raple se santral sa a twoup Ris yo te atake semen pase a.

Manman tigason an voye'l poukont li pou fe vwayaj mil kilomet la pou l al jwenn fanmi li nan Slovaki. Manman timoun nan Yulia, remseye gouvenman Slovak la ak lapolis pou swen yo akode pitit fason ni.

"Mwen se yon sitwayen Ikrenyen ki se moun Zaporozhia. Mwen gen plizye timoun. Mwen se yon vef. Mwen vle eksprime gratitid sense mwen pou tout ofisye la dwann Slovak ak volonte ki te pran swen pitit gason mwen. Yo ede'l travese frontye a poukont li. Pitit mwen gen 11 zan, li rive sou frontye Slovaki pa tren kote li jwen ofisye la dwan ki pran men ni epi ede'l travese frontye a. Volonte yo pran swen'l yo bali manje epi yo mennen ni Bratislava. Mwen rekonesant deske ou sove lavi pitit mwen. Gen yon santral nikleye akote vil mwen an kote moun ki okipe vil la ap tire sou li. Li te pran dife. Mwen paka kite manman'm donk mwen voye pitit mwen poukont li Li rankontre moun ki gen ke ouve. Se yon ti peyi ki gen moun ki gen anpil lanmou nan ke yo. Tanpri sove timoun Ikrenyen nou yo e ba yo yon kote pou viv an sekirite," li deklare nan yon videyo li anrejistre.

Yon deklarasyon ministe Enterye Slovaki di timoun nan rive ak yon sache plastik, yon paspo ak yon nimewo telefon ki ekri sou men ni.

Li ajoute moun tonbe damou pou timoun sa a akoz bel souri li e yo deklare li se yon vre ewo.

Enfòmasyon pou repotaj sa a soti nan AFP ak AP.

XS
SM
MD
LG