Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Òganizasyon Entènasyonal Migration Mande pou Sispann fè Diskriminasyon kont Sitwayen ki Nwa yo


Foto Achiv: Etidyan Nijeryan nan Ikren tann pou monte nan yon tren nan stasyon Lviv la, nan wes Ikren, 27 Fevriye 2022.
Foto Achiv: Etidyan Nijeryan nan Ikren tann pou monte nan yon tren nan stasyon Lviv la, nan wes Ikren, 27 Fevriye 2022.

Òganizasyon entènasyonal pou Migration (OIM) lanse apèl pou mande gouvènman yo pou yo sispann fè diskriminasyon kont sitwayen ki pa ni moun Ikrèn, ni moun peyi kote y-ap chache jete-yo-a, ki ap kouri kite konfli nan Ikrèn nan pou yo ale nan peyi vwazen yo.

Pou kounye-a, apeprè 1.4 milyon refujye kite Ikrèn pou rive Poloy, Moldavi, Ongri ak kèk lot peyi ann Ewòp, daprè denye chif Ajans refujye Nasyonzuni an publiye.

Pami yo te gen plis pase 78,800 sitwyen ki pa moun Ikrèn, ki se travayè migran ak etudyan nan Ikrèn lè Larusi te anvayi a.

Paul Dillon yon potpawol Ajans migrasyon Nasyonzuni an di sitwayen peyi sa yo ki pa ni moun Ikrèn, ni moun kote y-ap chache ale a, ki se moun plizyè douzen peyi ap fè fas ak diskriminasyon e ak lot pwoblèm pandan ke yap chache chape pou l yo.

“Nou vrèman vre gen anpil enkyetid sou sitiyasyon moun sa yo e sou nouvèl ke nou verifye sou diskriminasyon violans ak rayisman kont etranje ke moun sa yo subi pandan vwayaj yo a ni sou bò Ikrèn ni pa lot bò fwontye yo.

Dillon di OIM gen kontak avek otorite yo nan Ikrèn e ak nan lot peyi sou akizasyon sa yo. Li lanse apèl pou mande gouvenman yo pou yo Mennen envestigasyon sou nouvel ki rapòte diskriminasyon atak fizik ak lot move konpòtman .

Li lanse apèl pou mande lot peyi yo pou yo aji yon jan pou asire ke moun kap kouri pou konfli yo pami yo sitwayen ki pa moun Ikrèn pou trete yo tankou kretyen vivan , pèmèt yo antre epi ba yo proteksyon sou teritwa sa yo.

Ajans migrasyon Nasyonzuni an lanse apel pou mande $350 milyon pou reponn bezwen yo kap akselere akoz kriz Ukren nan sou tou 2 bò fwontyè a. Li di lajan sa a pral bay asistans pou plizye milye moun ki deplase andedan Ukren ni sa yo ki kouri kite peyi a pou yo ale nan peyi vwazen yo.

XS
SM
MD
LG