Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Macron Kondane Bonbadman yon Lopital Matènite


file photo taken on March 19, 2020 French president Emmanuel Macron, takes part on a videoconference of the "economic task force",
file photo taken on March 19, 2020 French president Emmanuel Macron, takes part on a videoconference of the "economic task force",

Prezidan franse Emmanuel Macron kondane Jedi bonbadman militè Ris yo fè sou yon lopital matènite nan Mariupol, ki nan direksyon sid Ikrèn.

Anvan yo te kòmanse yon somè Inyon Ewopeyen nan Vèsay, Macron te di ke li te "enkyete" e "pesimis" sou evolisyon lagè a nan Ikrèn, li pa wè solisyon diplomatik rapid rapid ki pral ede mete yon fen nan lagè sa a".

Li te kontinye pou di " imaj sa yo te choke tout moun kote nou te wè yo frape yon lopital matènite nan mitan vil la".

"Lafrans kondane nan tèm ki pi fò sa ki te yon zak lagè endiy ak amoral", paske "se pa yon zak lagè ki gen entansyon netralize baz ame oswa kapasite militè (...) men yon zak lagè ki gen objektif pou touye sivil".

Emmanuel Macron te fini pou li "Lafrans te toujou goumen kont enpinite e pwosedi legal yo dwe fèt pou limyè ka fèt sou zak sa yo".

Lame Ris la te frape yon lopital matènite ak yon lopital pou timoun nan vil nan Mariupol.

XS
SM
MD
LG