Accessibility links

Breaking News

Washington Kondane yon Frap Aeryen ki Detwi yon Lopital Matènite


APTOPIX Russia Ukraine War
APTOPIX Russia Ukraine War

Washington kondane nouvèl ki fè konnen yon frap aeryen lame ris la detwi yon lopital matènite nan vil Mariupol nan Ikrèn mèkredi, pandan otorite ameriken yo rejte yon pwopozisyon Polòy fè pou l transfere avyon djèt ris nan yon baz avyasyon Etazini e apre sa pou Etazini transfere yo bay Ikrèn.

"Nasyon souvren ka deside pou tèt yo sa yo vle fè," se sa sekrètè laprès Pentagòn John Kirby reponn. Li ajoute, "Men lide sa a, pwopozisyon pou transfere djèt bay Ikrèn nan, se yon bagay nou pa pwal chache fè kounyea."

Sèvis ransèyman Etazini evalye òf la e fè konnen yo ta konsidere yon transfè konsa kòm "riske anpil", dapre Kirby, e ta parèt kòmkwa Etazini ap akselere konfli a, nan panse Prezidan ris Vladimir Putin, ki te lanse envazyon an lakay vwazen li Ikrèn, sa gen 2 semèn.

LaRisi kritike òf Polòy pou l voye djèt ale nan yon baz avyasyon Etazini ann Almay, e pòtpawòl Kremlen Dmitry Peskov kalifye lide Polòy la madi a kòm yon lide ki ka danjre.

Nan Mezon Blanch, sekretè laprès Jen Psaki di mèkredi: "M panse ke se yon bagay byen klè, ke yon moun pa bezwen yon ekspè militè pou konprann poukisa fè avyon vole soti nan yon baz avyasyon militè Etazini pou antre nan yon pati ki an diskisyon nan peyi a kote yon gè ap dewoule, li pa nan enterè nou ni nan enterè l-OTAN.

XS
SM
MD
LG