Accessibility links

Breaking News

Kamala Harris Apiye Apèl Kèk Lidè Mondyal pou yon Ankèt Entènasyonal sou Envazyon LaRisi


US Russia Ukraine War Harris
US Russia Ukraine War Harris

Vis Prezidan Etazini Kamala Harris apiye jodi jedi-a apèl kèk lidè mondyal lanse pou gen yon ankèt entènasyonal sou envazyon LaRisi nan Ikrèn nan ak bonbadman kont sivil, pami yo timoun ak fanm ansent nan yon lopital matènite.

Harris te repete nesesite pou ankèt la anvan li t-ale nan yon reyinyon nan kapital Polòy-la, Vasovi, ak Prezidan Andrzej Duda pou moutre sipò pou alye l-OTAN yo nan ès Ewòp la.

Apèl-li-a fèt yon jou apre yon frap LaRisi te touche yon lopital matènite nan vil Mariupol nan Ikrèn, kote pou pi piti 3 moun pèdi lavi-yo, pami yo yon timoun, dapre otorite Ikrèn yo.

Kan menm fòk gen yon envestigasyon," se sa Harris te di pandan li te kanpe ansanm ak Prezidan Duda ki di, "Li klè pou nou nan Ikrèn ke Ris yo ap komèt krim lagè."

Harris anonse $53 milyon èd imanitè anplis "pou sipòte sivil inosan ke envazyon LaRisi nan Ikrèn nan afekte..."

Sa gen preske 2 semèn, Etazini te fè yon don apeprè $54 milyon èd pou materyèl medikal, manje, dra cho ak lòt èd imanitè esansyèl.

XS
SM
MD
LG