Accessibility links

Breaking News

La Risi Kenbe Presyon sou Mariupol Apre Atak sou Lopital la


Yon dam kouri ko li ak yon kouveti lenn pandan lap mache bo kote yon kamyon ponpye ki andomaje nan yon atak kont vil Mariupol, Ikren, Jedi 10 Mas, 2022.
Yon dam kouri ko li ak yon kouveti lenn pandan lap mache bo kote yon kamyon ponpye ki andomaje nan yon atak kont vil Mariupol, Ikren, Jedi 10 Mas, 2022.

Yon atak aviyasyon Ris la sou yon lopital matènite nan Mariupol soulve gwo kòlè pami Ikrenyen yo ak responsab Oksidantal yo ki dekri'l tankou yon krim lagè. Gen 3 moun ki mouri nan atak la.

Negosyasyon pou jwen yon seselfei echwe Jedi, nan moman sekouris yo tap renouvle jefò yo pou pote manje ak medikaman bay vil ki anba syèj yo kote popilasyon an twomatize e vle kouti pati.

Otorite Ikrenyen yo di gen yon timoun pami viktim atak Mèkredi kont yon pò nan sid la ki esansyèl. Imaj dam ansent ki kouvri ak pousyè ak san te dominen repòtaj nouvèl yo nan anpil peyi.

Yon dam ansent ki blese desann eskalye yon lopital matenite ki sibi gwo domaj nan yon atak Ris nan Mariupol, Ikren, Mekredi 9 Mas, 2022.
Yon dam ansent ki blese desann eskalye yon lopital matenite ki sibi gwo domaj nan yon atak Ris nan Mariupol, Ikren, Mekredi 9 Mas, 2022.

Lagè a ki kontinye depi 14 jou lakoz dè milye sòlda ak sivil mouri epi pouse plis pase 2 milyon sitwayen kouri kite Ikrèn. Envasyon Ris la souke tou fondasyon sekirite Ewòp la.

XS
SM
MD
LG