Accessibility links

Breaking News

Atak Ayeryen La Risi Sible yon Lopital pou Fanm Ansent nan Ikrèn


Sekouris Ikrenyen ak volonte transpote yon dam ansent ki blese soti nan yon opital maternite nan Mariupol, Ikren ki te sibi yon gwo atak, Mekredi 9 Mas 2022.
Sekouris Ikrenyen ak volonte transpote yon dam ansent ki blese soti nan yon opital maternite nan Mariupol, Ikren ki te sibi yon gwo atak, Mekredi 9 Mas 2022.

Yon atak ayeryen La Risi lanse kont yon lopital pou fanm ansent Mekredi nan vil Mariupol ki anba syej lakoz omwens 17 moun mouri pou pi piti, dapre responsab Ikrenyen yo.

Tè a te souke ak yon disans plis pase yon kilomèt ak konpleks Mariupol la apre yon seri eksplozyon ki kraze fenèt yo epi andomaje fasad yon bilding. Lapolis ak sòlda te kouri sou sèn nan pou evakye viktim. Yo te transpòte yon dam ki ansent ki tap senyen sou yon sivyè.

Yon lòt dam te pran kriye epi kenbe men pitit ak tout fòs li. Nan lakou a jounalis yo te ka wè machin ki konplètman detwi ak yon gwo twou byen fon.

"Jodia, La Risi komèt yon gwo krim," Volodymir Nikulin, yon responsab rejyonal lapolis deklare. Misye te kanpe nan mitan dekonb yo. "Se yon krim lagè san okenn jistifikasyon.

Atak la vini nan moman avètisman yo ogmante bò kote l'Oksidan pou di kòm kwa envazyon Ris la pral pase nan yon faz ki pi brital toujou epi san fwa ni lwa.

Sivil yo ap eseye chape poul yo nan moman gen anpil tire ak atak ak misil andeyò Kyèv, kapital peyi a. Twoup Ris yo kontinye ap vanse.

XS
SM
MD
LG