Accessibility links

Breaking News

Larisi: New York Times Evakye Jounalis li yo


FILE - The New York Times building is seen in Manhattan, New York, Aug. 3, 2020.
FILE - The New York Times building is seen in Manhattan, New York, Aug. 3, 2020.

Jounal Ameriken New York Times anonse Madi ke li te deside fè tout jounalis li yo kite Larisi akoz Moskou ranfòse restriksyon li sou medya endepandan yo, kidonk li oblije pran mezi sila pou pwoteje jounalis li yo.

Responsab jounal la di nan yon mesaj li voye bay AFP, rezon ki fé yo pran desisyon sila se akoz nouvo lwa otorite Ris yo etabli ki "gen objektif pou penalize nenpòt moun ki rele envazyon li kay vwazwen li Ikrèn lagè, e si on moun pale mal de milité ris yo".

"Pou sekirite nou ak sekirite anplwaye editoryal nou yo k ap travay nan rejyon an, nou ap transfere yo andeyò peyi a pou kounye a".

Nouvo lwa a, ki te siyen pa Prezidan Vladimir Putin, kreye pèn prizon jiska 15 an pou moun ki gaye enfòmasyon ki vize a 'diskredite' fòs militè Ris yo ak nenpòt apèl pou sanksyon kont Moskou.

Lòt medya oksidantal yo te deja sispann aktivite korespondan yo nan Larisi paske yo te pè reprezay, tankou difizyon piblik Britanik la BBC, Kanadyen CBC/Radyo Kanada, Alman ARD ak ZDF, oswa Panyòl RTVE, osi byen ke ajans Ameriken Bloomberg News ak Ajans Panyòl EFE.

Chanèl nouvèl Ameriken an CNN tou sispann emisyon li yo nan Larisi.

New York Times espere kapab retounen avek jounalis li yo nan Larisi "pi vit ke posib" men pou moman an lap "siveye aplikasyon nouvo lwa a".

XS
SM
MD
LG