Accessibility links

Breaking News

Hong Kong: Plizyè Santèn Rezidan Oganize yon Veye pou Pwoteste Kont Fiziyad yon Manifestan


Kamarad lekòl etidyan ke yon polisye te tire pandan yon manifestasyon premye okltòb 2019 la nan yon veye pou pwoteste kont britalite lapolis nan manifestasyonn anti-chinwa yo.
Kamarad lekòl etidyan ke yon polisye te tire pandan yon manifestasyon premye okltòb 2019 la nan yon veye pou pwoteste kont britalite lapolis nan manifestasyonn anti-chinwa yo.

Nan Hong Kong plizyè santèn rezidan òganize yon veye mekdredi 2 oktòb la tou prè lekòl yon jèn manifestan la polis anti-emeut te tire pandan yon manifestasyon vyolan anti la Chin ki dewoule sou zile a madi 1 oktòb la.

Imaj videyo montre yon polisye ki rale zam epi tire sou yon adolesan 18 tan nan lestomak nan moman li tap pare pou l frape polisye a ak yon baton anfè. Se premye fiziyad yon polisye fè nan Hong Kong kote li itilize bon jan bal depi protestasyon an te tanmen nan mwa jiyè pase.

Chèf la polis Hong Kong nan Stephen Lo di polisye a te gen rezon pou l itilize zam ni akoz la pèrèz li te genyen pou pwòp vi li.

XS
SM
MD
LG