Accessibility links

Breaking News

Chèf Egzekitif Hong Kong nan, Carrie Lam, Di li Pa gen Entansyon Demisyone


Yon manifestan ki kenbe yon pankat ki montre foto chèf egzekitif Hong Kong nan, Carrie Lam, ke yap mande pou demisyone. Foto: 31 out 2019. (Anthony WALLACE / AFP)
Yon manifestan ki kenbe yon pankat ki montre foto chèf egzekitif Hong Kong nan, Carrie Lam, ke yap mande pou demisyone. Foto: 31 out 2019. (Anthony WALLACE / AFP)

Chèf egzekitif Hong Kong nan ki nan pwoblem, Carrie Lam di li pa gen oken entansyon pou l demisyone pou mete fen nan manifestasyon anti gouvenman-an kap vale teren e ki sakaje vil la pandan 3 mwa.

Lam ki tap reponn kesyon ajans nouvel Reuters sou yon anrejistreman kote li di yon gwoup om dafè semèn pase-a ke li kreye dezòd poutèt li te entwodwi pwojè lwa ekstradisyon an ki provoke manifestasyon sa yo. Li di gwoup la ke li ta mande eskiz pou aksyon sa yo epi li ta demisyone si li te gen yon chwa.

Men Lam di jounalis yo jodi madi 3 septanm nan li te menm ap anvizaje pou l diskite sou demisyon ni avèk Peken e li toujou ap di tèt li pandan 3 mwa ki pase yo ke administrasyon ni an dwe rete an plas pou ede Hong Kong. Li ajoute piblikasyon anregistreman sa a inakseptab.

XS
SM
MD
LG