Accessibility links

Breaking News

Yon Jounen Grèv Ankò nan Hong Kong - Sitiyasyon an Vin Pi Konplike


Manifestan ki t ap lanse bwat gaz lakrimojèn sou lapolis nan Hong Kong nan jounen lendi 5 out 2019 la. (Foto AP/Kin Cheung).
Manifestan ki t ap lanse bwat gaz lakrimojèn sou lapolis nan Hong Kong nan jounen lendi 5 out 2019 la. (Foto AP/Kin Cheung).

Yon grèv jeneral te paralize lavi a nan Hong Kong pandan jounen lendi 5 out 201 9 la, sa ki te anpeche moun ale nan travay tandiske konpayi avyon yo te oblije anile plis pase 200 vòl.

Menm jan sa te fèt nan jou pase yo, manifestan anti-gouvènmantal yo nan Hong Kong te bloke tout antre ki mennen nan metwo souteren yo kote yo te anpeche pasaje yo antre oubyen sòti nan estasyon tren yo. Se pa ti deranjman sa pa t koze nan sèvis transpò a nan lè de pwent yo.

Lidè Hong Kong nan, Carrie Lam, k ap fè fas a gwo difikilte pou l rete sou pouvwa a, fè konnen manifestan yo koze gwo domaj nan ekonomi zile a e yo menm ka fè Honk Kong monte sou yon wout ki pa gen fè bak. Madam Lam di :

Chèf administrasyon piblik la nan Hong Kong, Carrie Lam (nan mitan) ki t ap patisipe nan yon konferans pou laprès lendi 5 out 2019 la nan Hong Kong, tèritwa chinwa. (Foto REUTERS/Kim Kyung-Hoon).
Chèf administrasyon piblik la nan Hong Kong, Carrie Lam (nan mitan) ki t ap patisipe nan yon konferans pou laprès lendi 5 out 2019 la nan Hong Kong, tèritwa chinwa. (Foto REUTERS/Kim Kyung-Hoon).

"Gwo kokenn chenn dega sa yo, ki fèt onon sèten egzijans oubyen onon kèk mouvman kowoperatif, se dega ki minen seryèzman lalwa ak lòd nan Hong Kong. E sa ap pouse vil nou an --yon vil nou tout te tèlman renmen, yon vil anpil nan nou te travay tèlman di pou nou bati-- ebyen, sa ap pouse Hong Kong bò yon ravin trè danjre. Kòm rezilta dezòd ak vyolans sa yo, yon gwo majorite moun nan Hong Kong ap viv ak gwo kè-sote."


Madam Lam rejte apèl manifestan yo lanse plizyè fwa pou yo mande demisyon li. Li di gouvènman an dispoze fè tout sa ki nesesè pou l fè respekte lalwa e mentni lòd. Nan sware jounen dimanch 4 out 2019 la, manifestan Hong Kong yo te mete yon mouvman leve-kanpe sou pye plizyè kote nan vil la, kote yo te montre yon taktik tou nèf nan efò y ap fè pou yo eskive lapolis epi chape anba kout gaz lakrimojèn nan moman pwotestasyon kont yon lwa sou ekstradisyon t ap antre nan 9èm semèn yo youn apre lòt. Men kijan taktik nouvo sa a te dewoule :

Plizyè dizèn manifestan te rive sou plas epi yo te enstale barikad kote yo te rete jiskaske lapolis anti-pwotestasyon te rive. Yon ti minorite zwit te brav ase pou yo konfwonte kout gaz lakrimojèn, tandiske pi fò nan lòt yo te pran transpò piblik pou yo t al òganize menm mouvman pwotestasyon an nan yon lòt katye.

Hong Kong, ki se yon gwo sant finansye ki anba kontwòl Lachin, ap fè fas jounen jodi a ak pi move kriz politik li depi li te retounen anba lobedyans Peken an 1997. Kriz sa a te kòmanse avòk yon seri de pwotestasyon kont yon pwojè-lwa sou ekstradisyon ki anile jounen finalman e ki, si l te antre an aplikasyon, t ap otorize gouvènman zile a ekstrade nan Lachin pou jijman tout moun Peken ta jwenn koupab pou vyolasyon lalwa; men aktyèlman sa moun jwenn nan slogan ki nan bouch manifestan yo, se yon apèl kote y ap mande pi gwo demokrasi nan Hong Kong

XS
SM
MD
LG