Accessibility links

Breaking News

Lapolis nan Hong Kong Arete 3 Gwo Militan Pwo-Demokrasi


Militan pwo-demokrasi, Joshua Wong, agoch, ak Agnes Chow, ke lapolis nan Hong Kong arete vandredi 30 out 2019 la paske yo te planifye manifestasyon.
Militan pwo-demokrasi, Joshua Wong, agoch, ak Agnes Chow, ke lapolis nan Hong Kong arete vandredi 30 out 2019 la paske yo te planifye manifestasyon.

Lapolis nan Hong Kong arete 3 gwo militan pwo-demokrasi, anvan yon gwo kokenn manifestasyon ki gen pou dewoule nan zile a samdi 31 out 2019 la kap vinn la a.

Organizatè yo deja anile manifestasyon apre yon komisyon dapèl fin rejte pèmisyon yo ta jwenn pou mete mach la sou pye. La polis fè konnen Joshua Wong, ki se fondatè pati politik DEMOSISTO, jwenn arestasyon li jodi vandredi 30 out la anba akizasyon komkwa li te òganize yon manifestasyon san otorizasyon nan dat 21 jen pase.

Madam Agnès Chow, ki fè pati DEMOSISTO a tou anba otorite yo kounye a tou daprezavwa li te mete sou pye yon meeting popilè, e patisipe ladann menm lè li pat gen dizon responsab gouvènmantal Hong Kong yo pou l fè sa.

Mesye Wong, se yon pèsonalite byen koni ki fè pati kowalisyon kap reklame demokrasi total kapital pandan mouvman pwotestasyon ane 2014 la ki te paralize zile a pandan 79 jou.

XS
SM
MD
LG