Accessibility links

Breaking News

Gad Kòt Etazini Ranmase 98 Migran tou Pre Florid


Foto sa a ke Gad Kot Etazini remet bay lapres montre yon bato kap ede moun ki abo yon bato ki sichaje ak pasaje tou pre Boca Raton, Florid, 12 Oktob, 2022.
Foto sa a ke Gad Kot Etazini remet bay lapres montre yon bato kap ede moun ki abo yon bato ki sichaje ak pasaje tou pre Boca Raton, Florid, 12 Oktob, 2022.

Gad Kòt Etazini ranmase yon afe 100 moun - pi fò se Ayisyen - ke yo sove abò yon bato ki te chaje ak moun tou pre kòt eta Florid. Moun sa yo pat gen okenn manje ni dlo depi 2 jou.

Gad Kòt Etazini di yo te kontre ak 96 Ayisyen ansanm ak yon pasaje Ouganda ak Bahamas a yon distans 32 kilomèt ak Boca Raton, Florid. Se yon elikoptè ki te wè yo.

Yo te transfere moun sa yo bay otorite Bahamas yo Dimanch.

Gad Kòt pibliye yon deklarasyon ki di pasaje yo di manm ekipaj la ke yo te vwayaje sou lanmè pandan yon semèn e ke yo pat manje anyen ni bwè okenn dlo pandan 2 jou.

Bato a te sichaje ak moun. Li te gen 53 gason, 35 fanm ak 10 timoun ladann.

XS
SM
MD
LG