Accessibility links

Breaking News

Lapolis Guatemala Bloke Pasaj 400 Migiran Pami yo Ayisyen


Solda Guatemala bloke pasaj migran ki fe pati yon karavan ki rive nan Puerto Barrios tou pre fwontye Ondiras.
Solda Guatemala bloke pasaj migran ki fe pati yon karavan ki rive nan Puerto Barrios tou pre fwontye Ondiras.

Lapolis Guatemala bloke pasaj yon gwoup 400 migran Samdi. Pifò migran se yo sete moun Venezyela, Kiba ak Ayiti ki te rive nan peyi a an pasan pa Ondiras ak entansyon pou y al Ozetazini.

Enstiti Migrasyon an di yo voye yon gwo gwoup moun sou fwontyè Ondiras paske yo pat gen dokiman adekwa pou antre Guatemala.

Otorite yo di se sèlman moun ki mande pèmisyon e ki resevwa pèmisyon sa a ki ka antre nan peyi a.

Alejandra Mena, pòtpawòl enstiti a siyale ke te gen timoun, fanm ansent nan gwoup la e ke moun sa yo ap resevwa tretman preferansyèl.

Kek hè d tan apre sa, otorite yo te di yo aksepte 121 migran pou rezon imanitè. Mena presize moun sa yo resevwa pèmisyon sèlman pou yo travèse Guatemala, pa rete nan peyi a.

Mena di: "Yo endike yo te bezwen travèse peyi a selman pou yo te ka rive Meksik epi apre sa ale Ozetazini."

Pou antre Guatemala, otorite yo mande pou migran yo gen yon paspò ki kouran, yon viza epi montre yo gen lajan ase pou viv pandan yo nan peyi a.

XS
SM
MD
LG