Accessibility links

Breaking News

Depatman Sekirite Nasyonal Etazini Anonse yon Lòt 65k Viza H-2B pou Ane Fiskal 2023


H-2B workers
H-2B workers

Depatman Sekirite Nasyonal Etazini (DHS) an konsiltasyon ak Depatman Travay anonse li pral dispoze yon lòt 65,000 viza H-2B pou travaye pwovizwa non-agrikòl pou ane fiskal 2023 a. Pi bone nan ane a DHS te dispoze 66,000 viza H-2B.

Desizyon an efektif apati 1 Oktòb 2022, e DHS di lap travay vit e prese pou reponn bezwen ki egziste pami konpayi yo pou kalite travaye sa yo.

Dapre DHS gen 20,000 viza li rezeve espesyalman pou travaye ki soti Ayiti, Ondiras, Guatemala ak Salvadò. Jefò sa a fe pati pwomes Administrasyon Biden nan te fe pou ogmante mwayen legal pou migran yo vini Ozetazini.

Viza H2B yo aplike pou biznis Ameriken tankou - otel ak tourism, faktori fwi de me epi sa yo ki tonbe nan kad sa yo rele "travay sezonal la".

Met sou viza adisyonel yo Depatman Sekirite Nasyonal la di li mete sou pye yon komisyon pwoteksyon pou travaye H-2B yo pou pwoteje yo kont abi ak eksplwatasyon.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch Jorge Agobian kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG