Accessibility links

Breaking News

Etazini: Enskripsyon Pou Viza Lotri ap Kòmanse 5 Oktòb


L'inscription est gratuite, et ouverte du 5 octobre au 8 novembre 2022.
L'inscription est gratuite, et ouverte du 5 octobre au 8 novembre 2022.

Enskripsyon Pou Viza Lotri 2024 (DV-Lottery) ap kòmanse nan dat 5 oktòb pou rive 8 novanm 2022, dapre sa Depatman Deta fè konnen. Ap gen anviwon 55,000 kat rezidans pèmanan kap disponib pou lotri sa. Kòm bonis moun sa yo ap kapab vin sitwayen Ameriken apre 5 lane.

Gen 55,000 viza rezidans pèmanan ki disponib chak ane pou aplikan ki soti nan divès pati nan mond lan, ak objektif final pou divèsifye ras etnik ak kiltirèl popilasyon an Ozetazini.

Pwogram Lotri a ouvè pou tout moun ki soti nan peyi ki istorikman pa genyen yon gwo pousantaj imigran ki sou teritwa Ameriken an. Yo chwazi gayan yo o aza pou evite fwod.

Pou patisipe nan pwogram lotri sa a, ou dwe senpman anrejistre gratis sou sit entènèt Biwo Afè Konsila Depatman Deta a. Kòm yon rapèl, si yo seleksyone yon moun nan lotri a, se pa yon garanti ke ou deja jwenn kat vèt la. Yo pral chwazi prèske 100,000 moun o kòmansman, men sèlman 55,000 ap jwenn kat vèt la.

Anpil òganizasyon, ap chaje moun yon frè, kote yo fè konprann yap ede fasilite pwosedi a sou entènèt. Otorite yo di pran prekosyon ak fwod ki egziste sou entènèt la!

Loterie pour la carte verte : attention aux arnaques
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:29 0:00

Pou patisipe nan Lotri Divèsite a, kandida a pa bezwen gen yon kontra travay oswa yon òf travay Ozetazini epi li pa obligatwa pou l gen yon kantite lajan sou kanè bank li.

Pou on moun kalifye, li dwe omwens fini lekòl segondè oswa gen omwen de zan eksperyans pwofesyonèl nan 5 dènye ane ki pase yo nan yon metye ki te mande omwen 2 ane fòmasyon.

Otorite ameriken yo ap aksepte sèlman yon aplikasyon pou chak moun nan chak sesyon. Yon moun ki enskri plizyè fwa ap otomatikman elimine. Yon fwa ou voye aplikasyon an, ou dwe kenbe nimewo aplikasyon w lan an sekirite.

Y ap pibliye rezilta yo apati 6 me 2024 epi yo pral vizib jiska 30 septanm 2024.

Tanpri sonje: enskripsyon an gratis epi gouvènman ameriken an pa voye kourye elektronik.

La loterie de la carte verte est ouverte! Voici comment postuler
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:29 0:00

Enfòmasyon pou repòtaj sa a soti nan VOA Afrique : Nastasia Peteuil

XS
SM
MD
LG