Accessibility links

Breaking News

Fenomèn Ensekirtie a Fòse Komèsan nan Gonayiv Fèmen Pòt Bizniz yo


 Gonayiv, Ayiti
Gonayiv, Ayiti

Òm dafè Gonayiv fè konnen yo fèmen pòt biznis yo pandan 3 jou, soti lendi 13 pou rive mèkredi 15 mai 2019 a pou pwoteste kont fenomèn ensekirite kap vale teren nan site endepandans la.

Antrepenè gonayivyen yo anonse tou yon mach pasifik kote yo pral mande pou mande otorite yo pran responsabilite yo fas ak bandi kap simen dèy nan mitan popilasyon an.

Pandan 3 dènyè mwa pase yo, bandi ak zam asasinen pou pi piti 3 òm dafè nan vil Gonayiv. Denyè ka pi revoltan an, se asasinay zenglendo sou Philipe Jean alias Pipo anndan Biznis li kise yon otoparts ak yon otèl nan Katye Gatwo, lendi 6 mai pase a.

Nèg ame kase plizyè gwo magazen nan vil la epi brake plizyè moun ki tap soti labank. Koute eksplikasyon Jérumé Saintjuste youn nan biznisman yo kap anonse desizyon yo pran nan mikwo Exalus Mergenat.

Gonayiv: Òm Dafè yo Fèmen Biznis pou Pwoteste Kont Zak Ensekirite Yap Sibi
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:27 0:00

XS
SM
MD
LG