Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lapolis Konfime yo Touye Prezime Bandi, Sony Jean alyas Tije, nan Echanj Kout Zam


Yon polisye ki bran abri nan moman kout zam tap tire sou Chann Mas bò plas Jean-Jacques Dessalines, nan Pòtoprens, Ayiti, 17 oktòb 2018. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)
Yon polisye ki bran abri nan moman kout zam tap tire sou Chann Mas bò plas Jean-Jacques Dessalines, nan Pòtoprens, Ayiti, 17 oktòb 2018. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)

La polis ann Ayiti anonse yo touye nan echanj kout zam, Sony Jean alyas TiJe, lendi swa 29 avril 2019 la pandan yon boukantay kout zam ak fòs de lòd yo nan zòn Delmas 83. Sekretè deta kominikasyon an Eddy Jackson Alexis te rann li sou plas pou konstate lanmò Tije ki tonbe nan afwontman ak yon inite espesyal polis la.

Selon Misye Alexis operasyon an te planifye nan nivo pi elve leta a. Sa pa gen lontan nèg ame ki anba kontwòl Tije te mennen yon operasyon nan Kafou Fèy kote yo touye 5 moun pou pipiti e blese plizyè lòt.

Lapolis te mennen yon operasyon replik yon jou apre nan zòn nan kote youn nan sispèk yo tonbe nan echanj kout zam. Plizyè moun ta soti blese pandan operasyon an. Lapolis areste e sezi plizyè zam.

Misye Alexis konfime lapolis ap mennen yon seri lòt operasyon pou arete Arnel Joseph ki se yon lòt bandi ki kite kapital la pou al chache refij nan Latibonit.

XS
SM
MD
LG