Accessibility links

Breaking News

FBI Sezi Dokiman Sekirite Maksimòm Nan Fouy Kay Trump la


Kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, Mekredi 10 Out, 2022.
Kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, Mekredi 10 Out, 2022.

Dokiman tribinal yo montre FBI rekipere dokiman ki te gen etikèt "sekirite maksimòm" sou yo lakay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, nan eta Florid.

Dokiman sa yo ke tribinal federal la pibliye Vandredi endike pami dokiman yo sezi yo te gen sak te gen make sekirite maksimom epitou te gen "enfomasyon sansib" yon kategori espesyal ki vize pwoteje sekrè pi enpotan peyi Etazini. Si sekrè sa yo rebele yo taka koze "gwo dega" nan enterè peyi Etazini.

Resi pou pwopriyete FBI sezi pandan li tap egzekite manda fouy la kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago nan Palm Beach, Florid, 12 Out 2022.
Resi pou pwopriyete FBI sezi pandan li tap egzekite manda fouy la kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago nan Palm Beach, Florid, 12 Out 2022.

Yon resi ki bay lis bagay ajan FBI yo te sezi montre gen 11 seri dosye sekrè ke yo rekipere kay Trump pandan fouy Lendi a.

Dosye tribinal yo pa bay detay presi sou enfòmasyon ki nan dokiman sa yo.

Trump te apiye lide pou yo pibliye "san pèdi tan" piblikasyon manda ki te bay otorizasyon pou fouye kay li, men li deklare gouvènman an te byen ka mande li pou yo olye yo fè sa yo deside fè a.

Lapolis ap jere sikilasyon an devan kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, 8 Out 2022.
Lapolis ap jere sikilasyon an devan kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, 8 Out 2022.

Avoka Trump la, Christina Bobb, ki te prezan nan Mar-a-Lago lè ajan yo tap fouye kay la, siyen 2 resi yo - youn gen 2 paj e lòt la gen yon paj selman.

Malgre prezidan ki an fonksyon yo gen pouvwa jeneral pou deklasifye enfòmasyon, otorite sa a ekspire apre ke yo kite pouvwa a. Li pa klè si dokiman an kestyon yo te janm deklasifye. E menm pouvwa yon prezidan aktyèl pou deklasifye dokiman limite pa rapò ak sekrè ki gen pou wè ak pwogram zam nikleyè, operasyon sekrè ak ajan sekrè epi done ke yo pataje ak alye Etazini yo.

Trump te kenbe dokiman sa yo malgre plizyè demann ajans gouvènman an, pami yo Achiv Nasyonal, te fè pou'l voye dosye prezidansyèl yo ba yo ann akò ak lwa federal yo.

Fouy Mar-a-Lago a tonbe nna kad yon ankèt Depatman Jistis la ap mennen sou dekouvèt dokiman sekrè Lamezonblanch lakay Trump pi bonè ane sa a. Achiv Nasyonal te mande depatman an envestige koze apre yo te di ke nan 15 bwat li te pran kay Trump te genyen dokiman sekrè.

XS
SM
MD
LG