Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal Bay Konsantman pou Pibliye Manda pou Fouye Kay Trump


Resi pou pwopriyete FBI sezi pandan li tap egzekite manda fouy la kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago nan Palm Beach, Florid, 12 Out 2022.
Resi pou pwopriyete FBI sezi pandan li tap egzekite manda fouy la kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago nan Palm Beach, Florid, 12 Out 2022.

Jj federal Ameriken Bruce Reinhart nan Miami bay konsantman li jodia pou pibliye manda ki te bay otorizasyon pou ajan FBI yo fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump. Lod jij la bay otorizasyon pou pibliye tou resi ki gen envantwa tout sa yo te sezi kay Trump.

Devlopman sa a rive yon ti tan apre plizye medya te fe konnen FBI rekipere plizyè dokiman ki te gen etikèt "top secret (sekirite maksimom)" sou yo lakay ansyen Prezidan Donald Trump nan Florid la, Mar-a-Lago. Se sa plizye medya Ameriken rapote Vandredi nan moman yon jij federal ap deside si wi ou non li pral pibliye manda ki te otorize fouy FBI la kay ansyen prezidan an, yon bagay ki poko janm fèt nan listwa peyi Etazini.

Yon resi ke plizyè medya wè montre ajan FBI yo te pran 11 gwoup dokiman sekrè nan kay la, pandan yon fouy ki te fèt Lendi. Resi sa a se yon dokiman ajan federal yo prepare ki spesifye kisa yo te pran pandan fouy la.

Nan dokiman yo sezi yo te gen kèk ki te make sekrè e lot ki te make sekrè maksimom, dapre nouvèl yo. Dokiman tribinal yo pat bay detay presi sou dokiman yo ni ki enfomasyon ki taka ladan yo.

Manda pou fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump nan Florid la, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, 12 Out 2022.
Manda pou fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump nan Florid la, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, 12 Out 2022.

Nan yon deklarasyon Trump fè Vandredi li deklare dokiman ajan FBI yo sezi lakay li nan Florid pat sekrè e li di li te gen entansyon remèt dokiman sa yo bay Depatman Jistis la si yo te mande'l pou fè sa.

Tandiske prezidan aktyèl gen pouvwa pou rann diminye klasifikasyon dokiman sekrè, otorite sa a ekspire osito ke yo kite pouvwa a. Li pa klè si dokiman li tap pale de yo te janm "deklasifye". Trump te kenbe tou dokiman sa yo malgre plizyè demann plizyè ajans te fè, pami yo Achiv Nasyonal, pou remèt ba yo tout dokiman prezidansyèl yo jan lwa Etazini mande pou fè'l.

Desizyon sou piblikasyon dokiman yo rete ak jij federal Bruce Reinart, ki se menm jij ki te siyen e akode manda pou fouye kay la. Minis Jistis Merrick Garland deklare gen "anpil enterè bo kote piblik la sou kestyon sa a," e li Trump te apiye lide pou yo pibliye manda a "tou swit."

Depatman Jistis la di jij la Vandredi apremidi ke avoka trump yo pa opoze lide pou yo pibliye dokiman an.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press ak Reuters.

XS
SM
MD
LG