Accessibility links

Breaking News

Fòs Ikrenyèn yo Reprann kek Zòn Tou Pre Kyèv


Let V ki se senbol twoup Ris yo sou yon tank ki sibi gwo domaj nan vil Dmytrivka tou pre Kyev, Samdi 2 Avril 2022.
Let V ki se senbol twoup Ris yo sou yon tank ki sibi gwo domaj nan vil Dmytrivka tou pre Kyev, Samdi 2 Avril 2022.

Twoup Ikrenyèn yo ap avanse ak anpil prekosyon nan moman yap chache reprann teritwa ki sitye o nò kapital la pandan twoup Ris yo ap rale kò yo soti nan rejyon sa a.

Nan omwens yon vil, sòlda yo te sèvi ak kab pou rale kadav sivil yo soti nan mitan lari Samdi, akoz kè sote yo genyen dèske twoup Ris yo tann kèk pyèj pou yo anvan yo te pati.

Prezidan Volodymyr Zelenskyy te lanse avetisman bay sitwayen yo pi bone nan jounen an pou di fòs Ris yo ap kreye yon sityasyon "katastwofik" pou sivil yo paske yo kite minn ozalantou kay yo, ekipman abandone e menm kadav.

Ikrèn ak alye Oksidantal li yo Samdi rapòte gen plis prev ki montre La Risi ap rale twoup li yo soti ozalantou Kyèv epi gonfle twoup li yo nan rejyon ès Ikrèn.

Sepandan, deplasman sa a pa vle di peyi a ap fè fas ak yon retrèt apre plis pase 5 semèn lagè.

XS
SM
MD
LG