Accessibility links

Breaking News

Repiblik Dominikèn Sezi yon Yatch Ris


Otorite lokal yo te sezi Vandredi yon yatch Ris ki t ap pase nan Sendomeng. Yo sezi yatch la sou demann la jistis Ameriken, dapre sa biwo Minis Jistis Dominiken an di.

"Biwo Pwokirè Piblik la te sezi yatch Flying Fox Vandredi nan kad yon ankèt sou akizasyon blanchiman lajan ak trafik zam".

Otorite yo sezi yatch sa a nan on moman kote "Etazini te louvri yon ankèt kont plizyè sib ki enplike nan blanchi lajan sou echel entènasyonal la ".

Lèzetazini enpoze sanksyon sou Larisi ak moun ki lye ak Prezidan Ris Vladimir Putin apre envazyon lame Ris la nan Ikrèn.

Deklarasyon biwo minis jistis Dominiken an pa site okenn non, men, dapre magazin ameriken Forbes, yatch liksye sa a se pou Dmitry Kamenshchik, yon gwo chabrak Ris ki gen yon fòtin ke yo estime nan 2.1 milya dola.

Mesye Kamenshchik ki gen 53 lane se pwopriyetè ayewopò Domodedovo nan Moskou, ki gen anviwon 30.7 milyon moun ki vwayaje ladann chak ane.

XS
SM
MD
LG