Accessibility links

Breaking News

Etazini: Sanksyon kont 21 Enstitisyon ak 13 Endividi ki Mele nan Sektè Teknoloji Larisi


FILES-US-UKRAINE-CONFLICT-ECONOMY
FILES-US-UKRAINE-CONFLICT-ECONOMY

Gouvènman ameriken an anonse sanksyon sou 21 enstitisyon ak 13 endividi ki ap travay nan sektè teknoloji Larisi e ki, dapre sa li di, te deja ap eskive sanksyon ki deja anplas yo, pou anpeche peyi a gen aksè ak teknoloji l'Oksidan pou izaj militè.

Jedi 31 mas la, depatman trezò Etazini di ke sanksyon sa yo antre nan kad koukou wouj li dèyè rezo k-ap demake sanksyon ki sou Kremlen an e dèyè konpayi teknoloji ki enpòtan anpil pou machin lagè federasyon rus la.

Larisi non Selman kontinye vyole dwa granmoun Ikren avek agresyon san provokasyon ni an men tou li ogmante atak li yo ki frape sivil ak sant populasyon yo dapre yon komunike minis trezò Janet L. Yellen . Li di: Nou pral kontinye vize machin lagè Putin nan avek sanksyon nan tout bò jiskaske li sispann fè lagè ki pa gen sans.

Nan dat 24 Mas pase Etazini te sanksyone plizyè douzèn konpayi rus nan baz defans endustriyel la poutèt yo apiye envazyon Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG