Accessibility links

Breaking News

Putin Deklare Depi On Peyi Pa Gen 'Woub' Ou Pap Jwenn Gaz


ولادیمیر پوتین، رئیس جمهوری روسیه
ولادیمیر پوتین، رئیس جمهوری روسیه

A pati de premye avril, tout peyi ki ap achte gaz Ris la,pral oblije gen kont nan woub, otreman Larisi pa pral vann ou gaz li, se deklarasyon sila ke Prezidan Putin te fè Jedi.

Minis Ekonomi franse Bruno Le Maire te reyaji pou fè konnen Almay ak Lafrans ap "prepare" yon fason pou yo kanpe enpòtasyon gaz Ris la, Paske peyi Ewopeyen yo refize fè peman gaz la an woub jan Moskou mande a.

Chanselye Alman Olaf Scholz bo kote pa li di ke peyi Ewopeyen yo ap kontinye peye pou gaz Ris la ann ewo ak dola jan sa te "ekri nan kontra yo".

Prezidan ameriken an, Joe Biden, ki ap fè fas a yon enflasyon ki bat on rekò tet chaje, bay lòd pou itize 1 milyon barik pa jou nan rezèv petwòl estratejik Ameriken an pou 6 mwa pou soulaje pri enèji a.

XS
SM
MD
LG