Accessibility links

Breaking News

Sondaj: 83% Ris Apwouve Aksyon Vladimir Putin nan Ikrèn


Russia Putin
Russia Putin

Apeprè 83% Ris apwouve aksyon Vladimir Putin, dapre yon sondaj ki fèt. Sa reprezante yon ogmantasyon 12 pwen anplis konpare ak dènye sondaj ki te fèt nan mwa fevriye a. Se yon antite endepandan ki rele "Enstiti Levada" ki fe sondaj la.

Se sèlman 15% ris pa apwouve aksyon prezidan an (li te 12% nan mwa fevriye).

Nan peyi La Risi, tag "Z" yon mesaj anti-semit: pou entimide moun, te miltipliye nan peyi a pandan dènye jou yo. Yo mete'l kont tout opozan ak moun kap kritike atak Ris la nan Ikrèn.

Mèkredi, yon patizan manm opozisyon Alexei Navalny, Ilia Pakhomov, te afiche sou kont Twitter li yon foto ki montre pòt kay li vandalize ak tag "Z"la.

XS
SM
MD
LG