Accessibility links

Breaking News

Etazini: 100-mil Refijye ki Soti Ikrèn


Joe Biden
Joe Biden

Etazini, menm si se an pati, akonpli pwomès Prezidan Joe Biden pou l admèt jiska 100-mil refijye ki soti Ikrèn, kidonk li pwal gen pou simonte reta nan yon mas dokiman pou l jere, pandan sistèm nan te degaje l admèt sèlman 6 mil-494 refijye nan 5 premye mwa ane fiskal sa a.

Sepandan aplikan yo ka konfwonte anpil lwa ak politik imigrasyon, anpil nan yo la pou jere - e nan kèk ka bare - yon mas moun ki ta vle rete nan peyi a kòm refijye, ki soti nan Amerik Latin nan.

Biden te pale sou pakèt refijye yo nan diskou li 26 Mas pase a nan Vasovi nan peyi Polòy, kote li te di Ameriken dwe fè "pati pa nou" pou akeyi kèk nan 3 milyon 800-mil refijye ki ap kouri kite envazyon LaRisi nan peyi yo a, apeprè mwatye yo nan Polòy.

Mezon Blanch pa bay anpil detay sou plan li pou refijye Ikrèn yo, men otorite nan administrasyon Biden nan di gen plizyè mwayen pou Etazini admèt moun legalman lakay li.

XS
SM
MD
LG