Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Fè Konnen li Pare pou l Tounen yon Eta "Neutre"


ប្រធានាធិបតី​អ៊ុយក្រែន លោក Volodymyr Zelenskyy ថ្លែង​ពី​ខុទ្ទកាល័យ​ប្រធានាធិបតី​ក្នុង​រដ្ឋធានី​កៀវ ប្រទេស​អ៊ុយក្រែន ថ្ងៃទី២៩ ខែមីនា ឆ្នាំ២០២២។ (Ukrainian Presidential Press Office via AP)
ប្រធានាធិបតី​អ៊ុយក្រែន លោក Volodymyr Zelenskyy ថ្លែង​ពី​ខុទ្ទកាល័យ​ប្រធានាធិបតី​ក្នុង​រដ្ឋធានី​កៀវ ប្រទេស​អ៊ុយក្រែន ថ្ងៃទី២៩ ខែមីនា ឆ្នាំ២០២២។ (Ukrainian Presidential Press Office via AP)

Semèn sa a, diplomat Ikrèn ak LaRisi te reyini nan peyi Tiki. Ikrèn fè konnen li pare pou l tounen yon eta neut - ak garanti sekirite - pou kalme enkyetid Ris yo kòmkwa li ka antre nan alyans militè l-OTAN an.

E nan pwopozisyon yo, gen yon peryòd konsiltasyon 15 an pou konnen ki kote Penensil Krime-a kanpe. Moskou te sezi Krime nan men Ikrèn e te antre l nan teritwa li an 2014.

Sa k ap pase repiblik separatis Donetsk ak Luhansk, se pwal sijè diskisyon nan yon lòt dat, dapre pwopozisyon Ikrèn nan. Nenpòt antant pou lapè pwale apre sa nan yon referandòm, dapre pwopozisyon Ikrèn yo.

Yiannis Valinakis, ansyen vis-minis afè etranjè peyi Grès, di Kyèv ka te vini ak plan sa a "pou soulaje presyon opinyon piblik la sou Zelenskyy."

Zelenskyy ka jwenn ak gwo defi lè pou l konvenk pèp Ikrèn nan pou apwouve pwopozisyon ki nan yon referandòm, dapre entèvyou ke LaVwadlamerik fè nan lwès Ikrèn. Si se plan an sa, li ka pa mache - menm si Ris yo ta aksepte yon bagay ki apeprè sa Kyèv ap ofri a.

XS
SM
MD
LG