Accessibility links

Breaking News

Migran yo Kontan, Mefyan sou Reouvèti Frontyè Etazini pou Moun Kap Mande Azil


Migran nan dotwa abri Bon Samariten an nan vil Juarez, peyi Meksik, Madi 29 Mas, 2022.
Migran nan dotwa abri Bon Samariten an nan vil Juarez, peyi Meksik, Madi 29 Mas, 2022.

Gen plis pase 1.7 milyon migran ke yo ekspilse anba lwa Ameriken ki rele Tit 42 a, ki se yon lwa ki gen rapò ak sante piblik, ke Etazini te mete ann aplikasyon an Mas 2020 an pou anpeche pandemi COVID-19 la pwopaje.

Moun ki familye ak kestyon an di administrasyon Biden nan gen entansyon leve Tit 42 a anvan 23 Me.

Reyaksyon nan abri pou migran yo nan Ciudad Juarez montre detèminasyon anpil migran genyen pou yo ale tabli kò yo Ozetazini pi vit posib.

Gen plis pase yon douzèn mitan ki te kouri soti nan dòtwa yo nan abri Bon Samariten an nan Juarez pou poze yon jounalis kestyon lè yo tande nouvèl la.

XS
SM
MD
LG