Accessibility links

Breaking News

Etazini: Sekretè Deta Mike Pompeo Ap Vizite Arabi Dawoudit Apre Atak sou Enstalasyon Petwòl Sawoudyen an


Sekretè ameriken an Mike Pompeo ki tap pran avyon nan Baz Andrews Air Force la nan maryland, 17 septanm 2019.
Sekretè ameriken an Mike Pompeo ki tap pran avyon nan Baz Andrews Air Force la nan maryland, 17 septanm 2019.

Sekretè deta ameriken an, Mike Pompeo, ap vwayaje nan direksyon vil Jeddah an Arabi Sawoudit, pou diskite ak gwo responsab sawoudyen yo sou modalite reyaksyon yo dwe fè apre atak sou enstalasyon petwòl nasyon arab la, yon atak Etazini lage sou do Iran.

Ajans nouvèl iranyen IRNA rapòte jodi mèkredi a repiblik islamik la voye yon kominikasyon diplomatik bay Washington, kote li rejte akizasyon administrasyon prezidan Donald Trump la mete sou do Teheran yo, e , anmèmtan tou, li lanse avètisman pou di gouvènman iranyen an pare pou'l reponn kif-kif sizoka moun ta pran nenpòt aksyon kont li.

Antretan, rebèl Houthi nan peyi Yemen, ki jwenn apui Teheran, revandike atak ki fèt nan wikenn pase a kote yo detwi mwatye nan pwodiksyon petwòl Arabi Sawoudit la. Otorite sawoudyen yo anonse pwodiksyon petwòl la rekòmanse.

XS
SM
MD
LG