Prezidan Donald Trump fè konnen fòs ameriken pare e yo gen kapasite pou reponn kif kif nan kad atak fewòs ki fèt kont youn nan pi gwo rafinnri petwòl nan Arabi Sawouditt, ki se pi gwo enstalasyon pou estabilize pri pretwol bru a nan lemond.
Lidè ameriken an di nan yon mesaj sou kont Twitter li, nap site : pa gen okenn rezon pou moun kwè nou konn kiyès koupab la ye.
Anvan sa, sekretè deta Etazini Mike Pompeo te voye yon tweet limenm tou pou di: Iran lanse yon atak san presedan sou demand enèji nan lemond, kote li rejte argiman komkwa se rebèl Houthi nan peyi Yemen ki dèyè atanta a, Houthi se yon gwoup rebèl ki gen sipò repiblik islamik la.