Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Mete Sanksyon sou Do Minis Afè Atranjè Iran an, Mohammad Javad Zarif


Prezidan ameriken an, Donald Trump (agoch); epi prezidan iranyen an, Hasan Rouhani.
Prezidan ameriken an, Donald Trump (agoch); epi prezidan iranyen an, Hasan Rouhani.

Prezidan iranyen an, Hasan Rouhani, reponn apre Lèzetazini fin pran desizyon pou l mete sanksyon sou do minis afè etranje iranyen an, Mohammad Javad Zarif. Pou Misye Rouhani, desizyon sa a se yon aksyon anfantiyaj, se yon aksyon timounri.

Vrèmanvre, tansyon an pa sispann monte ant Washington ak Teyeran depi yon lane, pi presizeman depi Pezidan Donald Trump te wete Lèzetazini nan akò entènasyonal plizyè peyi te siyen sou pwogram nikleyè iranyen an. Men nivo tansyon an mote yon kran pi wo apre administrasyon Trump la te desise, sa pa gen lontan, mete sanksyon sou do chèf diplomasi iranyèn nan. Prezidan Rouhani, ki t ap reyaji, di yon desizyon konsa pa fè sans ditou lè Lèzetazini ap di li vle fè negosyasyon dirèk avèk Iran. Misye Rouhnai di :

<< Se chak jou y ap plede di « nou vle negosye avèk Iran… Nou pral fè negosyasyon avèk Iran san n pa poze kondisyon davans. Nou pare pou n rankontre nenpòt ki lè avèk Iran… » Epi, toudenkou yo mete sanksyon sou do pi gwo diplomat peyi a !!!>>

Chèf diplomasi iran an, Mohammad Javad Zarif, sib sanksyon Lèzetazini. (Foto AP/Ebrahim Noroozi, Dosye)
Chèf diplomasi iran an, Mohammad Javad Zarif, sib sanksyon Lèzetazini. (Foto AP/Ebrahim Noroozi, Dosye)

Minis afè etranjè Javad Zarif, li menm tou, reponn desizyon Washington nan pou l di sanksyon sa yo pa p gen okenn konsekans sou li.

« Rezon ki fè Lèzetazini endekse m nan, se paske mwen se premye pòtpawòl Iran atravè Iemond. Eske verite sa a pa fè pitye ? Men, sa pa p gen okenn konsekans ni sou mwen, ni sou fanmi m, paske mwen pa genyen ni byen, ni enterè andeyò Iran… Etazini : mèsi deske ou konsidere m kòm yon gwo menas pou pwogram ou. »

Yon gwo otorite nan Administrasyon Trump la, ki pale ak kondisyon pou yo pa site non li, di Misye Zarif reprezante chèf de fil sa otorite a rele « politik afè etranjè san fwa ni lwa Iran an » ; e li ajoute « Prezidan Donald Trump deklare finalman Abraham di sètase. »

Pandansetan, nan vil Brusèl, nan peyi Laswis, Carlos Martin Ruiz De Gordejuela, pòtpawòl pi gwo diplomat Inyon Ewòp la, fè konnen Inyon an pa fin apresye desizyon an.

« Nou regrèt desizyon an e, pou nou menm, nou pral kontinye travay avèk Misye Zarif kòm pi gwo diplomat Iran… paske nou panse li enpòtan pou n kontinye mentni kanal diplomatik yo. »

Pandansetan, administrasyon Trump la kontinye fè eksepsyon ki pèmèt konpayi peyi Lachin, Larisi ak eta-manm Inyon Ewòp la kontinye mennen ak Iran aktivite nan domèn nikleyè a pou itilizasyon sivil san yo pa riske sanksyon ni penalite bò kote Lèzetazini.

Reyaksyon Iran Apre Etazini Fin Mete Sanksyon sou Do Minis Afè Etranjè li a
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:29 0:00

XS
SM
MD
LG