Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Deside Mete yon Anbago Total sou Peyi Venezuela

"Konferans Entènasyonal sou Demokrasi nan Venezuela" k ap dewoule nan vil Lima, kapital Pewou, avèk patisipasyon reprezantan plis pase 50 peyi. (FotoAP/Martin Mejia).
"Konferans Entènasyonal sou Demokrasi nan Venezuela" k ap dewoule nan vil Lima, kapital Pewou, avèk patisipasyon reprezantan plis pase 50 peyi. (FotoAP/Martin Mejia).

Konseye Sekirite Nasyonal Lèzetazini an, John Bolton, ki t ap pale yon jou apre Lèzetazini te deside mete yon anbago total sou do Venezuela, deklare kounyela a Washington kapab mete sanksyon sou nenpòt ki peyi oubyen moun ki apiye gouvènman Prezidan Nicolàs Maduro a.

Nan yon diskou Misye Bolton pwononse madi 6 out 2019 la nan vil Lima, kapital Pwou kote yon somè sou Venezuela ap dewoule, li fè konnen :

<< Lèzetazini voye yon siyal bay 3èm pati ki ta renmen fè biznis avèk rejim Maduro a pou di yo «si nou ap fè tranzaksyon avèk Karakas, se pou yo pran anpil-anpil prekosyon. Pa gen nesesite pou n riske enterè komèsyal nou avèk Lèzetazini pou avantaj nou ta kapab jwenn nan men yon rejim konwonpi e moribon. » >>

Konseye pou Sekirite Nasyonal Lèzetazini, John Bolton, nan yon konferans entènasyonal sou Venezuela nan Lima, Pewou, madi 6 out 2019 la. (Foto: REUTERS/Guadalupe Pardo).
Konseye pou Sekirite Nasyonal Lèzetazini, John Bolton, nan yon konferans entènasyonal sou Venezuela nan Lima, Pewou, madi 6 out 2019 la. (Foto: REUTERS/Guadalupe Pardo).

Misye Bolton lanse apèl bay lidè mondyal k ap asiste Konferans Entènasyonal sou Venezuela a pou l mande yo pran aksyon ki pi sevè pou yo wete Maduro sou pouvwa a. Konseye Sekirite Nasyonal Lèzetazini an akize Nicolàs Maduro deske li pretann l ap negosye an tout bòn fwa alòske se tan l ap fè pase. Misye Bolton ajoute :

« Epòk dyalòg la pase deja. Kounye a se moman aksyon. Maduro rive nan bout kòd la…»

John Bolton raple an pasan siksè anbago ekonomik Lèzetazini te pran nan lepase kont Panama a Nikaragwa e li denonse Lachin ak Larisi poutèt y ap apiye Maduro. Avèk sanksyon ki pi di Washington pran kont Venezuela yo, peyi sid-ameriken an tonbe nan menm kategori ak Kiba, Iran, Kore di Nò ak Siri ki te deja genyen sanksyon menm jan sou do yo.

This item is part of
XS
SM
MD
LG