Accessibility links

Breaking News

Washington Sòti nan Trete sou Misil Pòte Entèmedyè a pou L Denonse Vyolasyon Larisi


Prezidan Donald Trump ki t ap rakontre ak lidè Larisi a, Vladimir Putin, nan Somè G-20 an nan vil Osaka, Peyi Japon, nan dat 28 jen 2019 la. (Foto: AP/Susan Walsh).
Prezidan Donald Trump ki t ap rakontre ak lidè Larisi a, Vladimir Putin, nan Somè G-20 an nan vil Osaka, Peyi Japon, nan dat 28 jen 2019 la. (Foto: AP/Susan Walsh).

Byen bonè nan jounen vandredi 2 zout 2019 la, Lèzetazini wete kò l nan Trete Entènasyonal sou Zam Nikleyè Pòte Entèmedyè yo yon fason pou l kapab devlope pwop ojiv nikleyè pa l. Washington pran desizyon sa a apre Larisi te derefize detrui yon seri de misil tou nèf li genyen e ki, daprè l'OTAN, reprezante yon vyolasyon trete a. Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo -ki t ap abòde dosye a nan menm jounen vandredi a, deklare:

"Larisi pa rive konfòme l totalman e yon fason verifyab avek trete a; pou l te fè sa, li te dwe detrui sistèm misil li a ki pa ni 2 ni 3, ke yon vyolasyon trete a; nap pale de misil SSC-8 li a, ak misil de kwasyè a pòte entèmedya l la-- 2 tip misil li kapab lanse sou latè. Si Trete a pa kenbe, sèl peyi ki responsab sa, se Larisi... Lezetazini pa p rete nan yon trete alòske li klè Larisi vyole li.. Le fèt ke Moskou pa respekte trete a, se mete an danje enterè siprèm Lèzetazini; e le fèt ke Larisi ap devlope yon sistèm misil ki vyole trete a, reprezante yon menas dirèk pou Lèzetazini, pou alye ak patnè nou yo."

Misil S-400 ki fè pati sistèm defans Larisi.
Misil S-400 ki fè pati sistèm defans Larisi.

Prezidan Donald Trump gen asirans siyati yon lòt antant toujou posib pou ranplase yon trete istorik 2 peyi yo te jwenn nan epòk Lagè Frèt la.

XS
SM
MD
LG