Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Anile yon Chita Pale Lapè Sekrè li ta Pral Fè ak Taliban yo


Fòs sekiite afgan yo tou pre Ghazni, pwovens lès nan Kaboul, Afganistan, 12 out 2018.
Fòs sekiite afgan yo tou pre Ghazni, pwovens lès nan Kaboul, Afganistan, 12 out 2018.

Rebèl Taliban yo denonse desizyon Prezidan Donald Trump pran pou l anile yon chita pale lapè sekrè li ta pral fè ak yo nan Camp David ansanm ak Prezidan afgan an Ashraf Ghani.

Taliban yo deklare negosyatè ameriken yo te kontan antant 2 pati yo te jwenn nan Doha Katar. 23 septanm te konsidere kòm dat yon lòt etap pou kòmanse negosye ak lòt faksyon Afgan yo. Nan yon deklarasyon group rebèl la pibliye nan lang Pashto, li fè konnen yo pap abandone lit yap mennen an e ke yap fin pa fòse Etazini retounen nan negosyasyon yo.


Sekretè deta ameriken Mike Pompeo di dimanch 8 septam nan ke Prezidan Donald Trump pran yon bon desizyon lè li anile chita-pale ak Taliban nan retrèt prezidansyèl Camp David-la, Bò kote pa yo palmantè ameriken repibliken tankou demokrat pale pou di : prezidan Trump pat janm te dwe planifye yon rankont konsa nan Camp David

XS
SM
MD
LG