Accessibility links

Breaking News

Etazini Mande Bimani Koupe Tout Rapò Militè li ak Kore di Nò


Madam Cinton ale nan prensipal vil komèsyal Bimani a, Rangoon, kote li rankontre ak lidè mouvmna demokratik la, Aung San Sui Chi.
Madam Cinton ale nan prensipal vil komèsyal Bimani a, Rangoon, kote li rankontre ak lidè mouvmna demokratik la, Aung San Sui Chi.

Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, lanse apèl bay gouvènman Birmani an pou mande l mete fen nan lyen militè li genyen avèk Kore di Nò a (yon lyen ki vyole dwa entènasyonal yo), e li di gouvènman birman an genyen anpil travay pou l fè toujou anvan pou Lèzetazini anvizaje posiblite pou l leve sanksyon k ap peze sou do peyi a.

Pandan Madam Clinton te pran lapawòl nan okazyon yon vizit istorik l ap fè nan Birmani, li di gouvènman peyi sa a dwe respekte akò entènasyonal ki egziste kont pwopagasyon zam nikleyè, yon fason pou l amelyore rapò li avèk Washington.

Se konsa tou, chèf diplomasi amerikèn nan lanse apèl bay otorite yo pou yo libere plis prizonye politik epi mete fen nan vyolans ki fèt nan peyi a pou rezon rasyal. Se yon vizit kritik yo ak obsèvatè nan Tayland --yon peyi vwazen Biormani- ap swiv de prè. Genyen nan yo ki doute vizit sa a pral pote chanjman reyèl. An tou ka, se opinyon Soe Aung, yon manm Fowòm pou Demokrasi nan Bimani.

Soe Aung di: "Lèzetazini fèt pou fikse yon delè pou rejim birman-an monte sou bòn wout la. San yon delè, rejjim nan pral kontinye abize konfyans kominote entènasyonal la e li pap avanse avèk chanjman fondamantal ki sipoze fèt sou teren an nan Bimani."

Bo kote pa l, Phil Robertson, ki se vis-direktè branch azyatik la nan òganizasyon defans dwamoun Human Rights Watch—fè konnen li espere visit Sekretè-deta Clinton nan va sèvi pou ede bon jan chanjman fèt nan Bimani.

Misye Robertson di: "Nou ta renmen wè plis pase diskou elegan, plis pase okazyon pou moun fè foto; nou ta renmen wè yon bagay ki plis pase yon rapwochman ki fét nan prese. An reyalite, nou ta rennmen wè sa k pral fèt e sa ki pral chanje pou senp siwtayen yo, sitwayen odinè yo nan Bimani."

Se premye vizit yon sekretè-deta ameriken fè nan Bimani nan 50 lane. Madam Cinton ale nan prensipal vil komèsyal Bimani a, Rangoon, kote li rankontre ak lidè mouvmna demokratik la, Aung San Sui Chi.

An palan de madam Sui Chi, nan yon konferans pa video ki pase isit Washington yè mèkredi-a, li fè anonse li dispoze poze kandidatu-li nan pwochen eleksyon palmantè yo. An 2010, pati li a (Lig Nasyonal Pou Demokrasi a) te boykote eleksyon yo. Otorite yo poko fikse yon dat pou pwochen vòt la.

XS
SM
MD
LG