Nan kad nouvo gwo demanch diplomatik , prezidan Etazini an, Barack Obama , anonse li pral voye chèf diplomasi amerikèn nan Hillary Clinton mwa k ap vini la a nan peyi Birmani --- sa ki ap reprezante premye vizit yon sekretè Deta ameriken an pandan plis pase 50 tan.
Prezidan Obama fè anons la pandan li twouve l nan Bali , yon zile nan peyi Endonezi kote l ap patisipe nan somè Azi-Pasifik la. Lidè ameriken an di Etazini ap bay yon repons devan sa l rele “ti Pwogrè zwit” gouvènman birman an ki toujou anba gwo enflyans militè yo.
Prezidan Obama di Thein Sein ak palman birman an franchi kèk etap enpòtan nan direksyon refòm. Dyalòg ant gouvènman an ak lide opozisyon an Aung San Suu Kyi kòmanse. Gouvènman an libere kek prizonye politik. Otorite yo fe yon ti lache restriksyon sou medya yo. Genyen lwa ki apwouve pou gen ouvètu nan domèn politik la. Kidonk, tout bagay sa yo ansanm reprezante pi fò nan etap ke nou pat wè nan ane anvan yo.
Prezidan Obama di li te pale nan telefòn ak madam Aung San Suu Kyi pou premye fwa e li transmèt li angajman peyi l pou avanse ak Birmani nan pwosesus la. Sepandan Prezidan Obama fè konnen li toujou gen kè sote sou sistèm politik Birmani ki toujou rete fèmen, tretman otorite yo ap bay gwoup minoritè yo, prizonye politik ki toujou nan prizon ak relasyon peyi a genyen ak Kore-di-Nò.
Preziadn Obaman di Birmani dwe fè plis toujou si li vle gen bon jan relasyon ak Etazini. Mesye Obma ajoute, pandan vwayaj Sekretè Deta Clinton nan , l ap gen pou l wè si gen posibilite pou Washington ta sipòte nan peyi a refò politik, dwa zimen ak rekonsilyasyon nasyonal.