Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Hillary Clinton Rankontre Lidè Opozisyon an nan Bimani, Aung Sang Suu Kyi


Sekretèdeta ameriken an, Hillary Clinton –k ap vizite Bimani depi mèkredi- fè yon rankont ak lidè mouvman demokratik peyi sa a, Aung Sang Suu Kyi, nan vil Rangoon, vandredi 2 desanm nan
Sekretèdeta ameriken an, Hillary Clinton –k ap vizite Bimani depi mèkredi- fè yon rankont ak lidè mouvman demokratik peyi sa a, Aung Sang Suu Kyi, nan vil Rangoon, vandredi 2 desanm nan

Sekretèdeta ameriken an, Hillary Clinton –k ap vizite Bimani depi mèkredi- fè yon rankont ak lidè mouvman demokratik peyi sa a, Aung Sang Suu Kyi, nan vil Rangoon, vandredi 2 desanm nan, denyè jou vizit la.

Rankont la dewoule lakay Madam Suu Kyi ki te ranpòte Pri Nobèl Lapè a e ki te pase pi fò tan li nan rezidans siveye pandan 20 dènye ane yo. Li pale pou l di li byen kontan wè jan Lèzetazuni ap devlope kontak kounyela a ak Bimani, menmsi genyen anpil travay ki rete pou fèt nan peyi li.

Madam Suu Kyi deklare:

“Anvan nou deside ki wout pou n pran, nou dwe chache konnen kisa pi gwo bezwen nou yo ye; e natirèlman, 2 nan pi gwo bezwen peyi a, se yon eta de dwa avèk pasaj pouvwa a bay yon gouvènman sivil. Anfen, se pou tout chire-pit fini tou nan peyi sa a le pli vit posib."

Sekretè Deta Clinton fè konpliman pou Aung Sang Suu Kyi poutèt li montre yon lidèchip dyanm, solid e klè. Chèf diplomasi amerikèn nan pale pou l di Lèzetazini ta renmen wè Bimani pran plas ki revni l de dwa nan lemond.

Madan Clinton di:

“Lèzetazini vle tounen yon patnè pou Bimani. Nou vle travay avèk ou, ofi-e-a-mezi w ap avanse sou wout demokrasi a.”

Ni Madam Clinton, ni Madam Sang Suu Kyi pa pale de sanksyon dyanm Lèzetazini mete sou do Bimani yo; sepandan Sekretè Deta ameriken an, ki te pale jedi nan kapital la, Naypyidaw, te deklare Lèzetazini pral swiv de prè tout desizyon otorite Biman yo va pran pou yo fè refom politik nan peyi a.

XS
SM
MD
LG