Accessibility links

Breaking News

Vizit Istorik Sekretè Deta Hillary Clinton nan Bimani


Prezidan Bimani an, Thein Sein, deklare vizit Madam Clinton nan se reprezante komansman yon nouvo chapit nan relasyon peyi yo
Prezidan Bimani an, Thein Sein, deklare vizit Madam Clinton nan se reprezante komansman yon nouvo chapit nan relasyon peyi yo

Prezidan peyi Bimani an, Thein Sein, akeyi sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, nan yon resepsyon kote lidè biman an di vizit Madam Clinton nan se yon vizit istorik ki reprezante kòmansman yon nouvo chapit nan relasyon ant Lèzetazini avek Bimani.

Nan yon rankont ki dewoule nan vil Naypyitaw, nouvo kapital Birmani an, chèf diplomasi amerikèn nan fè chita-tande avèk kolèg biman li a e avèk lòt otorite peyi a. Se premye visit yon sekretè deta ameriken fè nan Bimani nan 50 lane. Se yon vizit kritik ak obsèvatè nan Tayland --yon peyi vwazen Biormani- ap swiv de prè. Genyen nan yo ki doute vizit sa a pral pote chanjman reyèl.

An tou ka, se opinyon Soe Aung, yon manm Fowòm pou Demokrasi nan Bimani, ki di:

"Lèzetazini fèt pou fikse yon delè pou rejim biman an monte sou bòn wout la. San yon delè, rejjim nan pral kontinye abize konfyans kominote entènasyonal la e li pa p avanse avèk chanjman fondamantal ki sipoze fèt sou teren an nan Bimani."

Bò kote pa l, Phil Robertson, ki se vis-direktè branch azyatik òganizasyon defans dwamoun Human Rights Watch, fè konnen li espere visit Sekretè Deta Clinton nan va sèvi pou ede bon jan chanjman fèt nan Bimani.

Misye Robertson deklare:

"Nou ta renmen wè plis pase diskou elegan, plis pase okazyon pou moun fè foto; nou ta renmen wè yon bagay ki plis pase yon rapwochman ki fèt nan prese. An reyalite, nou ta rennmen wè sa k pral fèt e sa ki pral chanje pou senp sitwayen yo, sitwayen odinè yo nan Birmani."

Jedi, Madam Cinton prale nan prensipal vil komèsyal Birmani a, Rangoon, kote li pral rankontre ak lidè mouvman demokratik la, Aung San Sui Chi. An palan de madam Sui Chi, manmzèl bay yon konferans pa video mèkredi, kote li fè konnen li dispoze poze kandidati li nan pwochen eleksyon palmantè yo.

An 2010, pati li a (Lig Nasyonal Pou Demokrasi a) te boykote eleksyon yo. Otorite yo poko fikse yon dat pou pwochen vòt la.

XS
SM
MD
LG