Accessibility links

Breaking News

Hillary Clinton Espere Refòm yo Pral Kontinye nan Bimani


Sekretè Deta Clinton Hillary Clinton ak Depite afè etranje Bimani an, Myo Myint
Sekretè Deta Clinton Hillary Clinton ak Depite afè etranje Bimani an, Myo Myint

Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, fè konnen gen espwa pou refòm k ap fèt nan Bimani yo debouche sou yon mouvman pou chanje peyi sa a nan enterè ak avantaj pèp la.

Pandan chèf diplomsi amerikèn nan t ap pale ak laprès mèkredi 30 novanm nan nan Kore di Sid, li di li pral gade pou l wè ak 2 je pa l si gouvènman biman an genyen entansyon tout bon pou l kontinye ak refòm politik e ekonomik yo.

Madam Clinton deja rive nan Rangoon, kapital Bimani, apre li fin asiste yon konferans sou èd entènasyonal nan Kore di Sid. Se premye sekretè deta ameriken k ap vizite Bimani nan 50 lane.

XS
SM
MD
LG