Chita tande sa a fè pati yon seri mezi diplomatik ki pran ann Ewòp semèn sa a. Minis Afè Etranje adjwen ris la, Sergei Ryabkov te dirije yon delegasyon ki rive ak yon seri polisye Swis ki tap akonpaye yo nan misyon diplomatik Ameriken an nan vil Jenev pou yon nouvo seri diskisyon fas-a-fas ak Wendy Sherman, Sekretè d'Eta Adjwen Ameriken, epi ekip li a.
Rankont sa a fè pati yon "Dyalòg Sekirite Estratejik" ke Prezidan Joe Biden ak tokay li Vladimir Putin te deside lanse pandan yon rakont o somè nan mwad Jyen 2021.
Peyi oksidantal yo gen kè sote paske La Risi gen plis pase 100,000 twoup sou frontyè Ikrèn nan.