Accessibility links

Breaking News

Putin di Pèp Ris la li te 'Defann Enterè Larisi Pandan Ane 2021'

In this picture made available by Sputnik news agency, Russian President Vladimir Putin chairs a meeting with members of the government via a video conference at the Novo-Ogaryovo state residence outside Moscow, on Dec. 24, 2021. (Alexey Nikolsky/ Sputnik

Vladimir Putin te di Vandredi ke li te defann enterè Larisi pandan ane 2021 an, yon ane ki te make pa tansyon ak Etazini, lè li te salye sitwayen parèy li yo pou Nouvèl Ane a.

Putin te deklare nan diskou tradisyonèl li te bay 31 desanm a minwi nan peyi Larisi "Nou te fèm e nou toujou ap defann enterè nasyonal nou yo, sekirite peyi nou an ak sitwayen nou yo".

Remak Prezidan Putin lan vini on jou apre yon reyinyon pa telefòn li te genyen avek tokay Ameriken li Joe Biden, nan yon kontèks kote tansyon ap ogmante alantou Ikrèn.

Kyèv ak peyi oksidantal yo akize peyi Larisi pou prezans twoup militè li ki sou sou fwontyè yo pataje avek peyi Ikrèn, lan.

Pandan reyinyon yo, Biden te menase Putin si li ta atake Ikrèn lap lanse plizyè sanksyon kont Larisi, Kremlin reponn Etazini ke sa tap yon "erè kolosal".

XS
SM
MD
LG