Yon nouvo rapò enspektè Jeneral Depatman Sekirite Enteryè a pibliye prezante kondisyon revòltan ki egziste nan sant detansyon pou imigran yo nan Eta Tegzas, kote yo chaje moun depase limit, apre yon vizit enspektè a te fè nan youn nan sant sa yo kote li te gen avèk li youn nan prensipal direktè sant la.
Enspektè Jeneral la di, dapre li, sitiyasyon sa a se, "yon bonm a retardeman ki prèt pou eklate." Rapò sa a, ki parèt madi 2 jiyè 2019 la, genyen ladan n foto anpil moun ki deyè baro kaj ki nan sant detansyon yo kote yo kouche sou makadanm-siman san yo pa gen anyen pou yo fè;
Genyen gason ki nan yon chanm kote se kanpe yo rete kanpe, genyen gason ak fanm ki gen mask chirijikal nan figi yo e kap lonje dwèt bay fotograf la pou atire atansyon l sou yo.