Accessibility links

Breaking News

Meksik Ap Ranfòse Sekirite sou Fwontyè l ak Gwatemala pou Diminye Imigrasyon Ilegal


Imigran santral amerika kap apwoche fwontyè Etazini ak Meksik.
Imigran santral amerika kap apwoche fwontyè Etazini ak Meksik.

O Meksik, otorite yo genyen pou yo voye manm Gad Nasyonal la al pran pozisyon sou fwontyè sid payi a pataje avek Gwatemala-- depi jounen mèkredi 12 jen 2019 la, nan kad aplikasyon yon akò Meksik te siyen avèk Washington pou l diminye kantite moun kap travèse tèritwa meksiken an pou yo antre Ozetazini.

Minis afè etranjè meksiken an, Marcelo Ebrard ki tap pale avèk laprès konfime nouvèl ki di yo gen plan pou deplwaye yon afè de 6 mil solda sou fwontyè sid la ak lòt kote nan peyi a, se yon plan k ap antre an aplikasyon imedyatman menm si li pa presize avèk ki rapidite tout efektif la pral fin rive sou plas.

Prezidan Donald Trump deklare, nan jounen madi 4 jen 2019 la, genyen yon gwo posibilite pou l enpoze yon ogmantasyon 5% tarif sou pwodui meksiken. Reprezantan meksiken yo te kouri antrepran yon seri chita pale san rete ak Washington pou negosye sou mezi sa yo.

Sekretè Deta Mike ameriken Pompeo defann antant administrasyon Trump la jwenn ak Meksik pou redui pakèt migran kap soti nan Amerik Santral pou janbe fwontyè Etazini-Meksik la, e konsa Meksik ka evite sanksyon ke Prezidan Donald Trump te menase pou mete sou li kòm pinisyon.

XS
SM
MD
LG