Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Di li Pral Mete Fen nan Bagay Moun Soti Tout Kote Pase Meksik Antre Ozetazini an


Residents of Anapra, a neighborhood on the outskirts of Ciudad Juarez in Mexico, gather next to the border fence during a prayer with priests and bishops from Mexico and the United States on Feb. 26, 2019.
Residents of Anapra, a neighborhood on the outskirts of Ciudad Juarez in Mexico, gather next to the border fence during a prayer with priests and bishops from Mexico and the United States on Feb. 26, 2019.

Nan moman 2 ekip ofisyèl peyi Meksik ak Lèzetazini pral kòmanse negosye semèn sa a nan Washington, Prezidan Danald Trump deklare li pap gen pyès pwoblèm pou l mete an apikasoyn menas li lanse pou l ogmante tarif dwanye yo sou pwodui meksiken kap antre sou mache ameriken an, si Meksik pa fè plis efò pou l bloke flo imigran kap soti nan Amerik Santral la pou antre sou teritwa ameriken an.

Pandan lokatè Mezon Blanch la tap pale avek laprès dimanch 2 jen 2019 la, li fè konnen:

"Tout moun ap pase pa Meksik pou yo antre Ozetazini -menm chyen, menm kontrebandye kap fè trafik kretyen vivan, pase pa Meksik pou yo antre isit;.Eben, nou pral mete fen nan sa; nou pral sispann fè biznis avèk yo, e se fini. Se trè senp." . Negosyatè kap rankontre jodiya genyen nan tèt yo minis ekonomi Meksik la, Graciela Marques, avek Minis Komès ameriken an, Wilbur Ross.

XS
SM
MD
LG