Accessibility links

Breaking News

Etazini: Komisyon Afè Jiridik Chanm Depite a Ap Pare pou Akize Minis Jistis la William Barr de Mank-dega


Chèz kap retann minis jistis la pou l vin chita e temwaye devan komite jiridik la nan chanm depite ameriken yo rete vid. (Foto: AP/Andrew Harnik)
Chèz kap retann minis jistis la pou l vin chita e temwaye devan komite jiridik la nan chanm depite ameriken yo rete vid. (Foto: AP/Andrew Harnik)

Komisyon Afè Jiridik Chamm depite ameriken an nan Kongrè ap pare pou akize minis jistis la William Barr, dèske li komèt yon mank-dega kont Kongrè a, apre li refize renmèt komisyon an kopi orijinal rapò pwokirè espesyal, Robert Mueller, te prepare sou enjerans Larisi nan eleksyon prezidansyel 2016 la.

Prezidan komisyon an, Depite Jerrold Lewis Nadler anonse komisyon an ap vote mèkredi 8 me a sou mosyon "mank-dega" sa ki reprezante yon agravasyon divizyon ki egziste ant Chanm Depite a, ki anba kontwol Demokrat yo, avek prezidan Donald Trump, ki se yon repibliken, epi administrasyon li a nan moman Demokrat yo vle mennen ankèt sou gouvènman li a.

Depite Demokrat yo kontinye ensiste pou di, Minis Jistis la William Barr bay manti e Minis Barr ki li menm refize bay Kongrè a vèsyon non korije rapò ankèt pwokirè espesyal Robert Mueller a kanpe sou wondonmon devan konvokasyon depite yo.

XS
SM
MD
LG