Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Rick Perry ap Kite Kous la


Gouvènè Eta Tegzas la, Rick Perry
Gouvènè Eta Tegzas la, Rick Perry

Ozetazini, kous pou nominasyon pati repibliken an pou pòs prezidan an sibi yon gwo chanjman avèk nouvèl ki di gouvènè Eta Tegzas la, Rick Perry, deside mete fen nan kandidati Ii, 2 jou anvan eleksyon primè ki pral dewoule nan Eta Kawolin di Sid.

Nouvèl ki parèt sou sa jodiya site kèk sous ki ta fè konnen Misye Perry deside kraze yon kite sa aprè li pat tèlman jwenn bon rezilta nan 2 premye kous ki dewoule nan kanpay la, swa asanble elektoral Eta Iowa a ak elekyon primè Eta New Hampshire a, kote li te fini nan 5èm e dènye pozisyon respektivman.

Sondaj ki fèt anvan primè Kawolin di Sid la montre elektè nan eta a e atravè Lèzetazini prefere ansyen gouvènè Eta Massachussets, Mitt Romney, pase 3 lòt kandida repibliken: ansyen prezidan Chanm dè reprezantan an, Newt Gingrich, ansyen senatè eta Pennsilvani, Rick Santorum, avèk yon atyèl depite Eta Tegzas, Ron Paul.

Anpil analis ameriken deja konsidere Misye Romney kòm kandida ki pral ranpòte nominasyon Pati Repibliken an e ki pral fè fas ak Prezidan Barack Obama nan eleksyon prezidansyèl yo ki fikse pou mwa novanm ane sa a.

XS
SM
MD
LG