Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Konfwontasyon Vèbal ant Kandida Repibliken Newt Gingrich ak Mitt Romney


2 prensipal kandida pou nominasyon pati repibliken an nan kad kanpay prezidansyèl la --ansyen gouvènè Eta Massachusets, Mitt Romney, avèk ansyen prezidan Chanm Depite a, Newt Gingrich-- twoke kèk pawòl piman bouk nan yon deba ki te reyini 4 kandida ki re
2 prensipal kandida pou nominasyon pati repibliken an nan kad kanpay prezidansyèl la --ansyen gouvènè Eta Massachusets, Mitt Romney, avèk ansyen prezidan Chanm Depite a, Newt Gingrich-- twoke kèk pawòl piman bouk nan yon deba ki te reyini 4 kandida ki re

Ozetazini, 2 prensipal kandida pou nominasyon pati repibliken an nan kad kanpay prezidansyèl la --ansyen gouvènè Eta Massachusets, Mitt Romney, avèk ansyen prezidan Chanm Depite a, Newt Gingrich-- twoke kèk pawòl piman bouk nan yon deba ki te reyini 4 kandida ki rete nan kous la.

An plis misye Romney ak Misye Gingrich, genyen tou yon aktyèl depite Eta Tegzas Ron Paul, ak yon ansyen senatè Eta Pennsilvani, Rick Santorum. An lagan Misye Romney te lanse kèk boulèt wouj sou Newt Gingrich, sitou aprè viktwa sipriz ansyen prezidan lachanm nan ranpòte nan primè Eta Kawolin di Sid la ki te dewoule samdi pase a.

Mitt Romney atake moral misye Gingrich pandan tout karyè li kòm òm politik, san bliye peryòd kote li te nan tèt chanm depite a.

Mitt Romney deklare:

"Mwen panse se yon kesyon de lidèchip ki poze la a. Ansyen prezidan lachanm nan te gen okazyon pou l montre li se yon lidè an 1994; e, aprè 4 tran, li te oblije bay demisyon n nan lawont, nan disgras.

Nan ane 70 yo li te vini Washington. Nan menm peryòd la, mwen te ale travay nan yon nivo byen ba nan yon konpayi konsiltan. Nan ane 90 yo, li te oblije kite pòs prezidan chanm dè reprezantan an nan dezonè, tandiske mwen menm, mwen te kontinye pou m te dirije operasyon je zolenpik divè yo.

Nan 15 zan ki vini apre li te kite lachanm nan, moun ki okipe pòs sa a toujou sèvi avè l kòm yon pozisyon kote yo chache tire avantaj nan je d’enfliyans k ap fèt nan Washington."

Misye Romney anplwaye mo “je d’enfliyans” la pou l lonje dwèt sou le fèt ke misye Gingrich te travay kòm konsiltan nan ajans Freddie Mac, yon gwo konpayi ipotèk gouvènman an apiye e ki anba kritik deske se l ki ta pwovoke gwo kokenn kriz kap trakase mache imobilye a Ozetazini. Bò kote pa l, Newt Gingrich rejte tout akizasyon Mitt Romney pote sou dosye pèsonèl li.

Misye Gingrich di:

“Misye fè 4 deklarasyon ki fo. Mwen pa vle pèdi tan sou sa. Mwen kwè piblik ameriken an merite wè yon deba sou fason nou pral bat Barack Obama.

Piblik ameriken an merite yon deba sou kesyon pou konnen kisa nou pral fè ak ekonomi an; e mwen panse sa misye Romney vle fè la a, se pi move tip politikayri ki ka egziste.”

Newt Gingrich prale nan pwochen eleksyon primè a (k ap dewoule le 31 janvye nan Eta Florid) avèk bon jan van nan vwal li, aprè viktwa li ranpòte sandi nan Kawolin di Sid la.

Jiskaprezan, nan 3 vòt pou nominasyon pati repibliken an ki fèt deja (youn nan Iowa, yon 2èm nan New Hampshire e dènye a nan Kawolin di Sid) rezilta yo bay 3 venkè diferan. Kandida ki jwenn nominasyon pati repibliken an pral genyen pou l fè fas ak Prezidan Barack Obama, kandida pati demokrat la, nan mwa Novanm 2012 la.

XS
SM
MD
LG