Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: 18èm Deba Pati Repibiken an nan Eta Florid


Elektè yo pral chwazi yon kandida ki pwal kanpe devan Prezidan Barack Obama, yon Demokrat, nan eleksyon nasyonal mwa Novanm k ap vini an
Elektè yo pral chwazi yon kandida ki pwal kanpe devan Prezidan Barack Obama, yon Demokrat, nan eleksyon nasyonal mwa Novanm k ap vini an

Kous nominasyon Pati Repibliken pou eleksyon prezidansyèl Etazini an santre kounye a sou eta Florid, yon eta chaje ak moun nan sid peyi a, e ki pwal akeyi 18èm deba ant kandida ki rete nan kous la, aswè a.

Elektè yo pral chwazi yon kandida ki pwal kanpe devan Prezidan Barack Obama, yon Demokrat, nan eleksyon nasyonal mwa Novanm k ap vini an.

Se ansyen antreprenè kapitalis Mitt Romney, yon ansyen gouvènè eta Massachusetts nan nodès peyi a, ak Newt Gingrich, yon ansyen prezidan chanm Depite Etazini an ki ranpòte youn nan 2 eleksyon primè pati a ki dewoule deja.

Men Gingrich gen van nan vwèl li pou kounye a apre viktwa ke li te ranpòte, nan wikenn pase a, sou Romney ak 2 lòt kandida nan yon lòt eta nan sid, Kawolin di Sid.

Nouvo sondaj sou santiman elektè Repibliken yo nan eta Florid montre ke Gingrich efase byen vit avans ke Romney te pran nan eta a nan sondaj ki te fèt anvan, e ke kounye a se Gingrich k ap mennen nan eta sa a.

Eleksyon primè nan Florid ap dewoule 31 Janvye.

XS
SM
MD
LG