Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Newt Gingrich Ranpòte Eleksyon Primè eta Kawolin di Sid


Newt Gingrich, fin ranpòte eleksyon primè eta Kawolin di Sid la samdi pase a, avèk 40% vwa yo
Newt Gingrich, fin ranpòte eleksyon primè eta Kawolin di Sid la samdi pase a, avèk 40% vwa yo

Ozetazini, kanpay elektoral pati repibkiken an rete totalman ouvè aprè ansyen prezidan Chanm Depite a, Newt Gingrich, fin ranpòte eleksyon primè eta Kawolin di Sid la samdi pase a, avèk 40% vwa yo.

Konsa, misye Gingrich pote yon gwo kou pou ansyen gouvènè Eta Massachussets la, Mittt Romney, ki te devan nan sondaj yo jiskela. Misye Gingrich –ki t ap patisipe nan yon pwogram chèn televizyon NBC yè dimanch la-- kontinye peze sou pedal popilis la avèk kèk tèm ki sanble gen bon eko bò kote elektè kap vote nan primè yo e ki ede l reyalize gwo remonte sa a nan kous la. Ann koute ansyen Prezidan Chanm dè Reprezantan an.

Misye Gingrich di: “Nou pral chanje bagay yo. Nou pral fè etablishman la santi li trè mal alèz. Mwen kontan deske mwen retwouve m nan tradisyon Ronald Reagan nan kòm yon “nouvo veni”, yon moun deyò ki fè etablishment repibliken an pè."

Kèk jou sèlman anvan primè Kawolin di Sid la, se Mitt Romney ki t ap mennen nan sondaj yo. Gras ak yon kanpay ki genyen anpil lajan, mete sou yon gwo viktwa nan primè ki te dewoule anvan an nan New Hampshire, plis apui li te jwenn nan men anpil gwo pèsonalite nan pati repibliken an, Misye Romney te parèt kòm kandida ki ta dwe ranpòte nominasyon pati a. Nan yon entèvyou li bay chèn televziyon Fox News, li minimize le fèt ke li vini an 2èm pozisyon nan primè Kawolin di Sid la, avèk 28% vwa yo.

Mitt Romney deklare :"Mwen prevwa yon kanpay ki pral dire lontan. Se yon pwosesis ki difisil; e se konsa sa dwe ye. Se prezidan Lèzetazini an nap chwazi la a, yon moun ki pral gen pou fè fas ak « des haut » e « des bas », ki pral gen pou fè fas ak kèk defi serye. E gras ak pwosesis sa a, mwen espere, mwen va kapab demontre ke m kapab ankese move rezilta sa a, e pi remonte pant la avèk plis fòs."

2 lòt kandida repibliken nan kous la, se ansyen senatè Eta Pennsilvani Rick Santorum ak yon aktyèl depite Eta Tegzas, Ron Paul. Ni youn ni lòt pa montre si yo gen entansyon kite kous la.

XS
SM
MD
LG